PUSH- Fòmasyon sou Anplwayabilite
Requirements
- Non
Description
Kou sa a, se yon kolaborasyon ant plizyè pwofesyonèl, ekspè nan resous imèn ak enstitisyon prive, pou montre w kijan pou w jwenn yon travay, kijan pou w eksele nan travay ou epi kijan pou w akselere karyè pwofesyonèl ou. Inisyativ sa a se pou pèmèt plis jèn benefisye fòmasyon anplwayabilite PUSH la. Nou envite w suiv li epi pataje l ak tout pwòch ou ki kapab benefisye de li.
N ap remèsye tout enstitisyon patnè nou yo ki rann kou sa a posib:
Banj, Brana, Brasserie de la Couronne, Dagmar, Digicel, Easy Net, HR Connect, Loop Haiti, Makorov, Shamarh, Sofihdes, Sogebank, Strategys.
N ap remèsye tout pwofesyonèl ki prezante nan kou a:
Sybille Benoit
Marc Alain Boucicault
Lydie Choute
Rose-Laure Georges
Christine Coupet Jacques
Ketsia Jean Charles
Christelle Termilus
Anah-Larah Millet
Caroline Pidoux
Djamila Silva
Marie-Lyne Thomas
Jean-Pierre Vertil
Nadgèle Zéphir
Finalman, n ap voye yon gwo kout chapo bay EasyNet ak Makorov ki òganize pwodiksyon dijital kou a.
Who this course is for:
- Etidyan, finisan, jèn k ap travay ki vle akselere karyè pwofesyonèl yo
Instructors
PUSH gen plis ke de lane ekzistans. gen pou objektif ede ogmante anplwayablite ak ankourajeentegrasyon sosyo-pwofesyonèl jèn Ayisyen .Pwogram lan konsiste de yon fòmasyon nan anplwayablite ak aketikèt pwofesyonèl. Nou ede manm nou yo oryante yo sou mache travay la pandan nou ede yo jwenn staj ak anplwa kay enstitisyon patnè nou yo.
Jean-Pierre Vertil se youn nan manm fondatè yo ak kowòdonatè PUSH. Li travay kòm Product Manager nan Sigora Solar nan Charlottesville, Virginia. Anvan sa, Jean-Pierre te travay kòm yon Development and Deployment Engineer avèk Sigora International nan depatman Nòdwès an Ayiti. Li te ede ak deplwaman teknoloji kontè entelijan pou fasilite aksè ak enèji pwòp nan rejyon an. Jean-Pierre diplome nan Jeni Elektrik ak Ekonomi nan Inivèsite Notre Dame nan Indiana. Li gen pasyon pou tenis ak aprantisaj lang etranje.
Steeve Gandhy Chery se yon manm fondatè Push. Li etidye Jesyon antreprizbak Administrasyon nan Ecole Nationale Supérieure de Technologie (ENST) an Ayiti. Li ap travay depi plizye lane nan depatman Finans Marriott Hotel Port au Prince tankou Kontab Jeneral/Oditè Revni. Li renmen gade match foutbòl ak dokimantè sou listwa ak lanati epi ale laplaj.
Anthony Calixte se yon antreprenè k ap viv Miami. Li se youn nan manm fondatè PUSH. L ap etidye zafè etranjè ak maketing. Youn nan pasyon li se ale nan evenman pou aprann ak konekte ak lòt moun ki pataje enterè l yo. Li renmen eksplore lòt peyi, jwe spò epi pase tan ak fanmi l.
Magda Louis Juste se youn nan fondatè PUSH yo. Li gen yon lisans nan syans enfimyè. Li te suiv kou Antreprenarya Sosyal nan HEC Paris epi li te suiv kou sou entènèt nan Introduction aux Droits Humains ak Université de Genève. Li gen yon sètifika nan rechèch medikal. Magda renmen fè lekti, vwayaje epi ale nan lanmè.
Olsen Barthelemy se yon pasyone teknoloji. Li etidye Syans enfomatik ak ekonomi. Kounya li se fondatè yon biznis ki rele EasyNet ki ofri sèvis enfomatik ak pwodiksyon videyo. Li se youn nan ko-fondatè PUSH ki se yon platfom ki rekrite, fome e plase jèn nan staj oubyen nan anplwa nan diferan konpayi an Ayiti.