
Antre nan mond enteresan entèlijans atifisyèl la avèk yon kou pratik epi fasil pou tout moun. Kit ou se etidyan, pwofesyonèl oswa yon moun ki senpleman kirye, pwogram sa a ap gide w etap pa etap pou w dekouvri zouti IA ki pi popilè ak itilze jodi a.
W’ap aprann :
· ChatGPT : kijan pou sèvi ak IA konvèsasyonèl pou ekri, aprann, kreye kontni epi ekonomize tan.
· DALL·E : kreye imaj inik ak orijinal avèk senp deskripsyon tèks.
· Lòt lojisyèl IA pou multimédia : zouti ki inove pou transfòme epi amelyore videyo, son, imaj ak tèks.
· Optimize CV ak nòm ATS : metrize fason pou kreye yon CV ki adapte ak sistèm rekritman otomatik pou ogmante chans ou jwenn yon entèvyou.
Objektif Kou la
· Konprann baz ak fonksyònman entèlijans atifisyèl yo.
· Konnen kijan pou manipile diferan zouti IA nan yon kad pwofesyonèl ak kreyatif.
· Aprann sèvi ak IA pou ekonomize tan epi ogmante pwodiktivite.
· Kreye yon CV optimize, ki respekte estanda ATS, avèk èd entèlijans atifisyèl.
Pou kiyès kous la ye ?
· Nenpòt moun ki vle dekouvri IA ak aplikasyon pratik li yo.
· Etidyan ak chèchè ki anvi konprann enpak IA nan domèn yo.
· Pwofesyonèl k ap chèche entegre IA nan aktivite yo.
· Nenpòt moun k ap chèche travay ki vle amelyore CV yo dapre nòmal ATS.
Apre kou sa a, w’ap gen konpetans konkrè ak itil dirèkteman pou w pwofite tout avantaj entèlijans atifisyèl nan pwojè w, nan etid ou oswa nan karyè w.